12 Lenmi Ki Anpeche w Pwodiktif
Sa poko rive w?
Ou te byen pwòp.
Kou w gen yon bagay enpòtan pou w regle:
Tout kò w grate w
Kay la te gentan sal
Genyen yon moun ou te bezwen rele
Yon bèl videyo w anvi gade
W ap fè yon ti kouche epi w ap kòmanse talè
Lafyèv la pa nan dra. Sa m sot site la yo se sentòm yo, se pa maladi a.
Men 12 lenmi entèn ak ekstèn ki anpeche w pwodiktif.
Lenmi Entèn
Mank konfyans nan kapasite pou w byen reyalize yon tach.
Panse w ka fè plizyè bagay an menm tan. Se bondye w ye? 🙄
Ret tann motivasyon avan w kòmanse travay. Se sak rive moun ki fè 6èd tan sou bout mi an, l ap tann motivasyon.
Trete tout evènman, tach oswa moun ak menm priyorite.
Kenbe enfòmasyon nan tèt ou.
Lenmi Esktèn
Travay nan yon espas kote moun/objè/sikonstans deranje w anpil.
Dòmi leve sou rezo sosyal.
Planifye twòp tach pou yon jounen.
Itilize zouti, resous, aplikasyon ki pa adapte pou sa w ap fè a.
Monte sou tach yo san preparasyon nesesè.
Travay san metòd, vay ke vay. San entansyon oswa kesyonman.
Plede fè tach repetitif yo san kreye yon sistèm pou estandatize yo.
Degi
Panse w ka fè tout bagay, olye w delege.
Kwè tach ou pra l fè a fasil. W ap ka fè l pap pap.. Epi..(tu connais le reste)
Kiyès nan lennmi sa yo ou rekonèt? Kiyès nan yo ki atake w?