Ou leve byen motive,
ou fè lis tach,
chita planifye.
Jodia ou pra l pwodiktif.
Dènyè machann fritay la fenk rantre.
Jiskaprezan anyen nan lis ou a poko fèt.
Yon lòt fwa ankò,
aa voye..
Siman w di tèt ou : “afè fè lis sa w vle fè a pa mache vre”.
Si wè sa, se jan w fè lis la wi.
Yon bon lis dwe suiv 3K. Si se pa sa, w ap 2.. (ou konn rès la)
Ban m ba w 3 ti sekrè:
1- ✅ Ou pa defini ti aksyon andedan gwo aksyon vle akonpli a. Ou liste tach la vre wi, men w pa klè sou etap k ap pèmèt ou akonpli tach sa a.
Menm tach ki parèt pi senp yo, mande yon seri etap pou yo konplete. Lè w fin liste tach, pran tan ekri oswa reflechi sou ansanm aksyon w dwe fè pou w konplete l .
2- 🗂 Ou pa kontekstyalize tach yo. Tout tach se tach men tout tach pa ka akonpli nan menm kontèks. Kontèks se tout eleman ki gen enfliyans sou tach wa p fè a.
Egzanp kontèks :
Anviwonnman kote w ap akonpli tach sa a
Nan lè w ap akonpli tach sa a
Enèji mantal tach sa a mande
Zouti ki nesesè pou tach sa a akonpli
Pa egzanp: Si yon tach mande gwo enèji mantal, ou pap ka akonpli l aprè yon bann reyinyon, lè tout enèji w fin bese.
Defini kontèks tach esansyèl nan retire baryè ki ka anpeche w fè aksyon w dwe fè yo. Lè w ap liste tach, ou dwe panse ak paramèt k ap mete w an pozisyon pou w akonpli tach sa a.
3- ⏱ Ou pa defini kantite tan sa a ap pran pou w konplete tach la. Premyèman, defini tan pèmèt ou planifye kibò w ap jwenn tan sa a nan kalandriye w.
Dezyèman, kilè w ka jwenn kantite tan sa a pou l kowòdone ak kontèks yo.
Twazyèman, si w pa defini tan an, ou fenk kare pwokrastine. Depi lespri w konnen l gen tan, l ap fè w kalbende.
Règ jeneral: si w panse yon tach ap pran x tan, ajoute 50% tan sa a sou li.
Ou pap rive nan yon restoran epi w di vann mwen pizza..
Y ap bezwen plis detay pou ba w sa w bezwen an.
Ou vle laj, bakonn, anana 🍍 (🤣 pou moun ki rayi pizza anana yo)
Alòs se menm jan ak sèvo w
Lespri w bezwen klè.
Si w vle sèvo ekzite yon tach, ou dwe ba l kòmann ki klè.