Ou leve byen motive, ou di tèt ou:
Jodi a m pra l fokis epi akonpli tout tach jounen an.
Ou manje maten,
pran machin,
tcheke rezo sosyal epi w fè yon pale ak yon zanmi w pa wè lontan lontan.
Li fenk 11 diswa,
ou poko fè anyen, dòmi nan je w,
e lè dòmi w gentan pase.
Yon fwa ankò, ou pèdi konba a.
Ou kòmanse doute de kapasite w.
Chak jou ki pase, w ap pèdi konfyans nan tèt ou...
E si m di w gen yon solisyon..
Yon mwayen pou w evite jounen w yo pase konsa.
Men li, 3 teknik byen senp pou w konbat pwokrastinasyon ak vin pi pwodiktif:
1. Deside sou yon grenn fokis pou jounen an
Nou souvan panse n se bondye oswa sipè-ewo.
Nou fè yon gwo tonton lis ki gen plis pase yon douzèn tach.
Nan tèt pa n, n ap ka akonpli yo nan 16 èd tan.
Chak fwa w gade pil tach ki devan w lan, ou santi tèt ou cho.
Alòs ou pwokrastine.
Lè tach yo parèt anpil devan zye w, li friz sèvo w.
Pye w mare, ou tou pa fè anyen.
Pi bon mwayen pou w atenn objektif jounen w se nan priyorize.
Chak jou poze tèt ou kesyon sa a :
Ki grenn tach si m fè jodi a ka p pouse m pi prè objektif (espirityèl, finansye, entèlektyèl) mwen fikse yo?
Lè w fin defini l, fokis pou w akonpli omwen grenn tach sa a.
Pito w gen yon grenn fokis ou ka akonpli ke w gen 10-12 ou pa janm akonpli.
Jan pwovèb popilè a di l la:
Nou si-estime san ka fè nan yon lane e pi souzestime sa n ka fè nan 5 lane.
2. Akonpli tach selon òlòj kòporèl ou
Kò w gen revèy pa l.
Si w rive konprann ak dekouvri òlòj kò w, wa p ka òganize jounen w pi byen.
Syantifik yo rele sa rit sikadyen (enèji w varye pandan jounen an).
Teknik lan se fè travay konplèks yo lè enèji w wo yo,
epi fè sa k fasil/administratif yo lè enèji w pi ba.
Egzanp:
Devlope yon pwojè VS poste sou rezo sosyal
Klase papye VS Travay sou yon nouvo estrateji
Reponn kliyan VS dizay yon nouvo konsèp pwodui
Nan semèn k ap vini an, kenbe yon kanè tou prè.
Siveye nan ki moman nan jounen an ou faya ak lè w anlè kou pipirit.
Itilize konesans sa a pou w planifye tach ou selon enèji w.
3. Reflechi sou jounen w ak planfiye demen avan w dòmi
Ou pa ka chanje sa w pa mezire ak pa konprann.
Jounen w yo repete menm jan chak jou,
paske n pa pran tan reflechi ak gade kòman yo pase.
Qui veut Juin, prépare octobre, yo konn di lè n te lekol.
Ebyen:
yon bon jounen depann de sa w fè nan fen jounen avan an.
Aprann chita reflechi sou kijan jounen w pase.
Chak swa planfiye ak adapte w pou jounen demen an.
Revize tach ou pa fè yo, nòt reyinyon ak pwogrè w fè nan pwojè w ets...
Konsa w ap ka detèmine sa pou w elimine, delege oswa reyajoute.
Nou pa p janm rive akonpli tout bagay nou vle nan lavi n,
men sa pa vle di w pa bezwen planifye.
Jounen w ka gen mwens estrès, ou ka akonpli plis e bay pi bon rezilta si w :
Akonpli tach yo parapò ak enèji kòporèl ou
Defini yon grenn fokis chak jou
Revize jounen w epi planifye demen avan w al dòmi
Mèsi Pierre Baptiste pou bèl tèks sa, li vrèman edifyan e pèsonèlman li pral ede m anpil anpil.
Ruth Dormeus,
Sikològ/TS