REZIME : 3 Fason w Pou w Rete Fokis ak Evite Distraksyon Lè w ap Travay
🗑 Elimine distraksyon fizik ak mantal
🎯 Kreye yon deklanchè fokis
🔎 Byen Klarifye Tach ou Pra l Ekzekite a
Pi gwo resous mond jodi a, se pa lajan, men atansyon.
Se gras ak atansyon w Facebook, Instagram, Netflix rive fè anpil milyon.
Ou pa peye Facebook ak lajan, ou peye l ak atansyon w.
Jan fraz popilè a di l a:
Kote atansyon w ye se la fokis ou ye.
Avèk tout distraksyon ki gen nan mond jodia, atansyon nou totalman detèryore. Baze sou rechèch ak eksperyans, ban m pataje avè w twa(3) fason ou ka vin yon moun ki ka fokis sou yon tach pou yon bon tan.
1. Elimine distraksyon fizik ak mantal
Nan telefòn nou sèlman gen plis ke dis (10) aplikasyon k ap mande atansyon w. San konte distraksyon nan anviwonnman fizik ou ak distrakyon mantal yo (sa w gen pou w fè, poko fè, monològ, pè, krent ka p taye banda nan lespri w).
Rive fokis mande efò Louvètiryen, li mande estrateji ak aksyon kalkile. Si w vle fokis, men kèk fason pou w elimine distraksyon.
Mete Telefòn ou sou mòd avyon, silans oswa fèmen l nèt (si w mouri kounye a tout moun ou panse w dwe kite telefòn ou ouvè pou yo a a ap kontinye viv).
Ekri tout tach nan lavi w te dwe fè, gen pou w fè ak dwe fè yon kote (Konsa ou pa p oblije goumen pou w kenbe tach nan lespri w padan w ap fè lòt bagay).
Ekri monològ ou yo nan yon kanè sekrè lè w santi tèt ou chaje.
Fèmen pòt, mete kas, epi anonse moun ou pra l okipe (mande yo pou yo pa deranje w sof si gen dife).
Mete dlo, dokiman, ouvè sit/aplikasyon ak zouti w bezwen yo tou pre w. Epi deplase oswa fèmen sa w pa bezwen yo.
2. Kreye yon deklanchè fokis
An 2016 m te bezwen pran tan pou m ekri. Chak dimanch mwen peye yon machin Kenscoff san desann li epi m ekri pandan 1 monte/desan.
Yon deklanchè esansyèl pou ede w fokis; li ede sèvo a antre nan mòd fokis chak fwa l wè, tande oswa santi eleman sa a. Men kèk fason pou w kreye yon deklanchè pou ede w fokis:
Koute menm mizik la chak fwa w vle fokis ( pa m la se Reyaktive, Wanito).
Jwe son (brainwave) ki ede w fokis sou Focus@Will ak YouTube.
Mete menm rad la chak fwa w pral nan #mòdfokis. (Sa ka rive w mete yon braslè, yon linèt, yon vès oswa nenpòt lòt jès ka p raple w pou w fokis) Lide a se pou w rive devlope yon rityèl ki mete w anmòd sipè-imen.
Rezève yon lè espesifik chak jou kote w dwe fè travay ki mande fokis.
3. Byen Klarifye Tach ou Pra l Ekzekite a
Fokis mande fokis. Si w pa kon sa w pra l fè, ou pa p ka fokis.
Anvan w deside antre nan #mòdfokis, men kèk ti kesyon enpòtan w dwe poze tèt ou:
Ki tach mwen pra l fè la ?
Ki objektif tach sa a?
Nan konbyen pati tach sa a divize?
Eske m gen tout sa m bezwen pou m fè l ?
Konbyen tan mwen bezwen pou m konplete tach sa a?
Lè w klè sou sa w vle fè, li pi fasil pou w gen enèji. Konsa sèvo a al chache nan ou lide ak enspirasyon nesesè pou w byen konplete tach la.
Jan Mark McGuinness di l la :
Moun ki ka kontwole atansyon yo. Se yo k pra l mennen nan mond dijital la.
Ou ka kòmansè fè pati moun sa yo si w aprann:
🗑 Elimine distraksyon fizik ak mantal
🎯 Kreye yon deklanchè fokis
🔎 Byen Klarifye Tach ou Pra l Ekzekite a
keep up the good work!
Enteresan!