5 Etap Pou w Pwodui Lide Orijinal
Metòd sa a se yon vèsyon amelyore de fòmil James Webb Young Ki Nan Liv "A Technique for Producing Ideas"
Lide w ka chanje lide ak lavi. Pran tan w manifeste yo.
Jenere lide se yon konpetans tout moun ka devlope. Li gen yon pwosesis byen defini. Ke w se ekriven, pwofesè, dizaynè, kreyatè oswa pastè, ou ka itilize teknik sa a pou w jenere lide byen fasil. Tant ou pratike l tant lespri w ap vin rapid pou jenere lide. Jenere lide se yon atizay.
1- Kolekte materyèl
Gade, tande, li, kolekte sa k gen rapò espesifik ak lide w bezwen jenere yo.
Gade, tande, kolekte epi panse ak enfòmasyon jeneral ki pa gen rapò espesifik ak pwojè a.
2- Reviv sa w kolekte yo
Reviv, medite ak reflechi anpwofondè sou tout materyèl ou kolekte yo. Gade, yo, santi yo epi vire yo lanvè landwat. Se kòmsi w ap marinnen enfòmasyon sa yo andedan w.
Chache lyen ki ekziste ant sa w kolekte yo epi gwoupe yo pa tèm.
3- Bay pwosesis la vag
Al mache, kite pwosesis la pou kèk èdtan oswa jou.
Poze kèk kesyon espesifik ak sibkonsyan w sou pwoblèm ou vle rezoud la avan w al dòmi.
4- Moman majik
Konsa yon lide ap monte epi apati lide sa ou ka devlope lòt lide gras ak materyèl ou te kolekte yo oswa amelyore lide w jwenn lan.
5- Fokis sou kantite
Si moman majik la pa vini e w prese, chita epi liste tout lide ki vini nan tèt ou apati tout materyèl ou te kolekte yo. Pa kanpe toutotan w poko jenere omwen yon 20 lide. Pou mwen, se apati de 20 lide mwen kòmanse an kontak ak jeni ki nan mwen an e se lè sa a tou majorite moun kòmanse jwenn lide ki pa komen oswa ansifas.
Tant ou vini ak lide se tant ou gen chans pou w tonbe sou lide orjinal. Lè w gen yon sèl grenn lide, ou gen tandans damou. Depi w damou yon lide, ou anpanche nouvo lide vini.
Kreyatè pwofesyonèl pa sèlman rete tann lide, yo mete yo an pozisyon pou yo devlope ak jwenn lide. Lide yo vivan, se yon bann trezò imateryèl k ap taye banda nan lanati; djòb pa n se pou n chachè yo e ba yo fòm gras ak touch inik pa n.
Ou pap resevwa okenn nouvo atik pou 2 pwochen semèn k ap vini yo ( w ap jwenn dezyèm atik semèn lan samdi). Mwen anfòm, gen atik disponib; men m oblije pran yon tan poz pou m ka fè yon ti rekoneksyon ak reyenvansyon.