6 Etap pou Moun Kreyatif Byen Planifye yon Bèl Pwojè #PPS
Depi w pale de òganize ou wè estrès.
Lè w pa byen planifye, estrès sa a tounen anksyete, batay ant ekip, kriye ak gwo tèt chaje. Se pou sa m te kreye metòd PPS.
An 2016 mwen te vle mete plis lòd/metòd nan fason m òganize pwojè, evenman ak aktivite m ap mennen. Kòm moun ki gen lespri l anpil kote, mwen devlope sistèm sa a pou ede m fokis, konprann etap ak aksyon pwojè sa yo, san bliye yon yota. Se konsa m kreye PPS (Pierre Planning System) ki baze sou kèk prensip supply chain, sikoloji ak pwodiktivite.
Kòman l fonksyone
PPS se yon tablo jeneral ki ba w yon rega-360 sou pwojè w la nan yon sèl koudèy. Li defini resous, tan, wòl ak lajan chak etap/aksyon yo mande. Li mete yon aksan patikilye sou priyorite etap ak aksyon sa yo, pandan l idantifye bottleneck (etap ki lou anpil oswa ki ka bloke tout pwojè w la si l pa konplete).
Kòman pou w itilize l
Si w fin defini oswa byen devlope pwojè, lide oswa insyativ ou vle mete sou pye a, men kòman w itilize #pps la:
Defini tout gwo etap oswa kategori aksyon nan pwojè a. Ezanp: Maketin, Operasyon, Rekritman, Devlopman kontni, Pwomosyon ets..
Pou chak gwo etap oswa kategori sa yo liste tout aksyon w dwe fè.
Egzanp: anndan rekritman ka genyen:
Kreye òf travay
Poste òf travay
Seleksyone kandida
Entèvyouve kandida
Chwazi kandi final
Oryante kandida chwazi
Lè w fini liste aksyon ki nan chak etap sa yo, tout pouvwa sistèm lan chita nan pati sa a ou. Defini eleman sa yo a pou chak aksyon:
Kantite tan pou w akonpli l
Kantite lajan
Moun ki responsab la
Zouti ki nesesè pou w akonpli l (fizik/dijital)
Kote zouti, resous pou akonpli aksyon an ye (foldè oswa espas fizik)
Kantite fwa w bezwen fè aksyon sa a oswa (kopi, mo, enpresyon, mayo)
Dat limit pou w finalize aksyon/tach la
Reprann pati sa a pou chak aksyon ki nan chak etap yo tankou egzanp sa a:
Action 1: Dizay kourikoulòm
Cost In time: 20èd tan Cost In Currency:
Organizer: Maestro
Tools: Modèl kouwikoulòm pase, Canva.com
Folder (where): lyen foldè GoogleDrive kote m ap jwenn modèl la
Quantity (number of words, copies, etc...): 3 paj
Deadline: 26 Fevriye
5. Kolore chak etap pa òd enpòtans. Genyen 3 koulè.
Wouj: Ijan
Vèt: Enpòtan
Nwa: Bottleneck. (tout etap ki ka bloke tout sistèm lan.
6. Finlaman ajoute yon tag pou chak etap sa yo pa priyorite ak gwosè yo.
SIS: Small Important Step
SUS: Small Urgent Step
BIS: Big Important Step
BUS: Big Urgent Step
Pou sak k gen rapò ak kantite (lajan/tan) total yon etap se adisyon chak grenn aksyon ki nan etap la.
EGZANP
STEP 1:
Type: [] SIS [] SUS [] BIS [] BUS
By: Total Cost in Time: 25 èd tan | Cost in currency: 600 goud
Deadline: Tools:
Action 1:
Cost In time: 7 Cost In Currency: 400 goud
Organizer:
Tools:
Folder (where):
Quantity (number of words, copies, etc...):
Deadline:
Action 2:
Cost In time: 6 Cost In Currency: 150 goud
Organizer:
Tools:
Folder (where):
Quantity (number of words, copies, etc...):
Deadline:
Action 3:
Cost In time: 12 Cost In Currency: 50 goud
Organizer:
Tools:
Folder (where):
Quantity (number of words, copies, etc...):
Deadline:
Telechaje modèl-modifyab pps la la a
Si w ta p renmen konstwi yon modèl entèraktif ki fonksyone tankou yon aplikasyon olye yon dokiman, ranpli fòm sa pou w gen plis detay https://airtable.com/shrUHHdJDglhS5cqO