7 Netwayaj Ou Dwe Fè w Si w Vle Pwodiktif San Estrès
Mande bòs Jeral pou w wè!
Si w vle bon sab fen an, fò w pase l.
Esans lavi chita nan "retire".
Pwodiktivite mande fò w sovaj nan elimine sa k pa esansyèl.
Pou w pwodiktif, ou bezwen espas.
Pou w jwenn espas ou dwe fè netwayaj.
Kay lejè, lè w fè netwayaj.
Lespri ak lavi w ap lejè lè w netwaye 7 espas sa yo.
1. Valiz
Pran tan debarase l epi òganize l selon jan w itilize sa k ladan l yo. Mete nan valiz ou sèlman sa k esansyèl yo. Òganize yo selon 3 kritè ( frajilite, frekans itilizasyon, enpòtans).
2. Telefòn
Siprime tout aplikasyon w pa itilize ankò.
Foto w gen 100 grenn ou fè menm kote a.
Efase "cache" navigatè w la.
Voye tout foto sou GooglePhotos pou fè espas sou tel ou.
Pran yon ti twal netwaye po telefòn lan ak kras ki nan kache twou chajè /espikè yo.
3.Òdinatè w
Retire tout vye dosye ak fichye ki sou ekran akèy la ak nan dosye “Download” la. Retire tout aplikasyon (malware) ke w pa t mete.
Itilize wipes/twal "dust spray” pou netwaye klavye ak ekran an.
4.Espas Cloud ou
Siprime vye fiche ki pran plas nan espas Cloud ou. Si w pa gen ase espas cloud, achte espas iCloud+ oswa GoogleOne pou 1-2 dola pa mwa.
5.Espas travay
Netwaye biwo w, oswa kote w chita travay la.
Mete tout fèy/dokiman nan yon katab ki idantifye kategori fichye ki ladan l yo.
6. Bank Emosyonèl
Ekri sa k ap trakase, travase w oswa fason w santi w preske chak jou. Achte yon kanè kote w vide eksperyans imen w, laperèz, krent, dout, erè w, rèv ak aspirasyon w ets…
7. Lespri w
Lespri w pa fèt pou kenbe enfòmasyon. Li la pou trete enfòmasyon. Itilize Evernote, Things 3, Google Tasks, Google Calendar, Apple Notes, Ti Kanè, Google Notes oswa 1 Password pou mete lide, tach, randevou, modpas, kat idantite, nòt ak tout lòt enfòmasyon w ap goumen pou kenbe nan lespri w yo.
Si w rive debarase ennboks fizik, dijital ak matanl sa yo, w ap vi n pi lejè pou w aji ak reflechi.
La a mesyedam, se sekrè pwodiktivite.
Espas