Mwen se Pierre Stanley Baptiste, yo rele m TheMaestro

Mwen ede kreyatè ak jesyonè pwojè etabli sistèm pwodiktivite ak ajoute touch kreyatif inik nan kreyasyon yo.

Mwen gen plis 10 lane m ap jwe marèl ak ekriti, devlopman moun/pwojè, lide filozofik, pwodikvite ak kreyativite. Sa ki mennen ekri 3 liv, devlope plis gen yon 50 fòmasyon, plis pase 150 blog kreyòl, yon bann evenman ak bann lòt pwojè ki echwe. M djòsss kite kiryozite ak entuisyon m mennen m.

M diplome an Jesyon Biznis nan, men mwen fyè pou m di m se yon jeneralis. Mwen devlope ekspètiz ak eksperyans nan devlopman sistèm pwodikvite, grafik dizay, kreyayon aplikasyon san itilize kòd, branding, pwosesis kreyatif ak ede moun jwenn pasyon yo. Men fokis mwen se devlopman moun, kreyativite ak pwodikvite.  Se pou sa yo rele m "TheMaestro".

Mwen se kofondatè Impact Hub Port-au-Prince, koòganizatè Startup Week Port-au-Prince, Host Creative mornings Port-au-Prince ak achitèk pwogram Street Labs la. Mwen fè pati yon seri kominote prestijye tankou OnDeck, Starting Bloc e mwen sitwayen onorè yon vil Ozetazini. Mwen se ansyen kontribitè pou HuffingTon Post ak Lunion Suite. 

Filozofi lavi m senp.

Kòman eksplore potansyèl mwen jiskaske m kreye vèsyon ideyal tèt mwen e kòman ka ede lòt yo panse ki pa vo anyen (menm jan Madame Jeral te konn di m nan tazyèm ane) fè menm bagay la.

Siksè pou mwen se fè, genyen, devlope, kreye bagay ki fè vin yon pi bon moun. Mwen pa kache enpèfeksyon m yo, mwen jis prefere limen limyè m.

Men prensip dizay ki gide tout sa m kreye:

ASPIRASYON

Mwen dizay chak grenn eleman nan pwojè m yo pou pouse odyans lan vè aspirasyon ki pi grandyoz yo ka genyen.

DEMOKRATIZASYON

Demokratize 20%  lide ki ka debloke 80%  potansyèl  moun. Mwen senplifye konesans/lide/zouti ki sere yo epi m lage yo na lari a.

LESPRI INOVASYON

Fè òdinè tounen ekstraòdinè  avèk otantisite ak eskpresyon kreyativite pèsonèl mwen. Ajoute touch inik nan chak avanti epi transmèt prensip sa a nan kominote mwen an.

IMANITE

Fè tout bagay sa yo pandan m moun, vanyan, konpasyone, ak emosyonèlman vilnerab. Sèvi ak istwa pèsonèl mwen pou koud chak travay mwen fè.

Si w bezwen plis ke liv, blog, videyo, fòmasyon, live, gid mwen kreye gratis yo e si w panse enpòtans ak ekzpètiz mwen ka ede w, oswa ede enstitisyon lan, mwen ouvè pou konsiltasyon/kochin/prezantatsyon peyan. 

User's avatar

Subscribe to Kreye +

Pou Kreyatè ak Pwofesyonèl Ki Vle Pwodiktif ak Kreyatif

People

Distilling insights for a productive, creative & intentional life. Lead @impacthubpap @mystreetlab in Haiti. Author Underdog Revolution | @beondeck Fellow 🚣🏾